
ACTIV'ACTION
istwa ak misyon
Kisa ActivAction Ye ?
Depi plis pase 10 lane Dukensley Bernard te toujou manifeste anpil lanmou ak motivasyon nan zafè pran inisyatif, nan lavi prive, sosyal, relijye ak pwofesyonèl. Motivasyon sa te toujou chita sou yon sèl idewoloji, ofri plis opòtinite pou sila yo ki gen volonte pou reyalize plis nan mete tèt li disponib pou patispe ak akonpanye yo.

ActivAction vini youn pami tout pwojè ke mwen te genyen, mwen te konsidere l ak anpil rezon, ActivAction rete fokis sou yon grenn objektif ede chak grenn moun ki ap li yon liy nan espas ActivAction yo, pou jwenn posiblite pou vin plis motive, rete pozitif, rete aktif epi pran desizyon pou fè yon aksyon oubyen kontinye chak grenn aksyon pozitif ke l'ap antreprann.
ActivAction se motè tout jèn ki vle konbat pou kapab fè vikwa, nou ofri yon espas aksesib ak tout moun espesyalman jèn ki gen anvi reyalize yon rèv, nou rasanble tout kalite eleman enpotan ke ou ta kapab bezwen pou ede w reyalize rèv ou.
Nou travay nan plizyè branch tankou: Devlopman pèsonèl- Kreyasyon Biznis- Solisyon teknoloji- Pwogram finansman- Fomasyon
Objektif
-
Akonpanye chak jèn ki vle reyalize yon pwojè.
Kiyes ki kapab patisipe ?
-
ActivAction ouvri pou tout moun ki gen volonte e ki dakò mache ak li.

Pa gen viktwa san konba