top of page

Istwa lè w te piti ak jodia yon vrè motivasyon

𝐆𝐞𝐧 𝐲𝐨𝐧 𝐛è𝐥 𝐥𝐞𝐬𝐨𝐧 𝐤𝐞 𝐨𝐮 𝐤𝐚𝐩𝐚𝐛 𝐣𝐰𝐞𝐧𝐧 𝐥è 𝐨𝐮 𝐬𝐨𝐧𝐣𝐞 𝐢𝐬𝐭𝐰𝐚 𝐰, 𝐩𝐚𝐧𝐝𝐚𝐧 𝐨𝐮 𝐭𝐞 𝐩𝐢𝐭𝐢.

Si ou te leve nan pwovens(Andeyò) kote jenn ti gason ou tifi ap tire wòch sou pye mango, se yon bagay ki bèl anpil, pandan wap fè lekti sa, gen anpil bagay ki pra l pase nan tèt ou, lide m dim ou gentan ap reflechi èske ou pat kase tèt yon moun, oubyen èske tèt ou pat manke kase ! hnmmmmm


Ann gade la avè m: Youn nan rezon ki fè nou te konn tire wòch sou yon mango, #1 se paske mango a mi ou vle genyen l, #2 Paske ou vle gade kapasite w, si ou se yon bon vizè, #3 paske ou se timoun aksyon w pa mezire, tout sa yo fè ou vle eseye l; tou.


Ou ka toujou bay kèk lòt rezon daprè ou menm, ok ! kounye a,


Ann fè yon ti analiz tou kout sou rezilta yo, pou nou gade kisa ki ka rive: 1) Mango a kapab tonbe ou genyen l -2) Li ka tonbe se yon lòt ki pran l -3) Ou kapab kase tèt yon moun -4) Ou kapab kase pwòp tèt ou ! aaaah😄 -5) sim ta pran site lòt rezilta ni ou menm , ni mwen menm nap jwenn anpil , ou ka toujou mete rezilta pa w la, nan kòmantè , si w dakò.


Pi devan nan tèks la ou pral sezi konprann yon bagay!


Kesyon m ap poze w, si tout fwa mango a pat mi , èske nou t ap tire wòch ? Wi ak NON se repons l'an🧐 . Men, w ap dakò avè m 99% se sou mango mi nou tire wòch, Malgre sa nan rezilta nou te di yo, gen yon sèl okazyon pou jwenn mango a, apre sa, tout lòt yo pa nan avantaj nou!


Mwen finalman di tèt mwen se rezon sa ki fè jounen jodia, (nou vin pi gran) nou pa tire wòch ankò, Ou ka itilize yon bann lòt bon estrateji pou genyen yon mango.


𝐍𝐚𝐩 𝐤𝐚𝐧𝐩𝐞 𝐥𝐚 !

𝐊𝐢 𝐤𝐨𝐧𝐩𝐚𝐫𝐞𝐳𝐨𝐧 𝐨𝐮 𝐟𝐞̀ 𝐣𝐨𝐮𝐧𝐞𝐧 𝐣𝐨𝐝𝐢𝐚 , 𝐞̀𝐬𝐤𝐞 𝐨𝐮 𝐢𝐭𝐢𝐥𝐢𝐳𝐞 𝐞𝐧𝐞̀𝐣𝐢 𝐰 𝐚𝐤 𝐛𝐨𝐧 𝐞𝐬𝐭𝐫𝐚𝐭𝐞𝐣𝐢 𝐩𝐨𝐮 𝐤𝐚𝐩𝐚𝐛 𝐠𝐞𝐧𝐲𝐞𝐧 𝐬𝐚 𝐨𝐮 𝐯𝐥𝐞 ? 𝐒𝐚𝐧 𝐨𝐮 𝐩𝐚 𝐤𝐫𝐞𝐲𝐞 𝐩𝐰𝐨𝐛𝐥𝐞̀ 𝐦 𝐚𝐤 𝐭𝐞̀𝐭 𝐨𝐮 , 𝐚𝐤 𝐥𝐨̀𝐭 𝐦𝐨𝐮𝐧 , 𝐚𝐤 𝐬𝐨𝐬𝐲𝐞𝐭𝐞 𝐚 ? 𝐣𝐚𝐧 𝐧𝐨𝐮 𝐭 𝐚𝐩 𝐟𝐞̀ 𝐥 𝐩𝐚𝐧𝐝𝐚𝐧 𝐧𝐨𝐮 𝐭𝐞 𝐩𝐢𝐭𝐢 𝐧𝐚𝐧 𝐭𝐢𝐫𝐞 𝐰𝐨̀𝐜𝐡 𝐝𝐞̀𝐲𝐞̀ 𝐲𝐨𝐧 𝐆𝐫𝐞𝐧𝐧 𝐦𝐚𝐧𝐠𝐨 !😁


Ou ka toujou gade tèks la nan lòt sans l'an, èske ou p ap detwi, tèt ou, lòt moun , ak sosyete a, san ou pa mezire aksyon w , paske nou te wè nan tèks la gen plizyè rezon ki kapab fè w tire wòch la.


BaGAY yo anpil , Dim nan ki kontèks ou apresye ou pa mesaj sa a?


Mwen konnen ou gen anpil lide k ap pase nan tèt ou, mwen gentan li kòmantè w, san ou poko ekri , sa ki pral ede m konprann kòmantè pa w la pi byen se avèk moun wap pataje tèks la, map gade èske li gen pasyans li tout sa, epi kisa l ap ekri aprè.


𝗦𝗢𝗡𝗝𝗘 𝗜𝗧𝗜𝗟𝗜𝗭𝗘 𝗕𝗢𝗡 𝗘𝗦𝗧𝗥𝗔𝗧𝗘𝗝𝗜 𝗣𝗢𝗨 𝗢𝗕𝗝𝗘𝗞𝗧𝗜𝗙 𝗢𝗨 ! 𝗠𝗔𝗡𝗚𝗢 𝗔


PA GEN VIKTWA SAN KONBA_ Dukensley Bernard.



SPONCOR: Wego Agency

Gen yon lòt tèks kap vini! pou foto Abonnez-vous

 
 
 

Recent Posts

See All

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page