ÉTATS-UNIS kache bagay sa yo,
- dukensleybernard
- Nov 30, 2022
- 2 min read
Atansyon ak sa ou pral li a, li kapab deranje w, si w se yon moun ki emosyonèl men, konsa si ou vle konprann avèk tèt repoze, pran San w pou li byen.
Gen anpil ayisyen ki gen posiblite pou vwayaje ale nan lòt peyi espesyalman USA- CANADA- FRANCE ..., Yo souvan fè anpil lòt moun kwè ke lavi nan peyi sa yo se myèl ak lèt, konsa majorite Ayisyen pa gen lòt rèv ke vwayaje AL viv kote myèl ap koule a, wap dakò avèm se pa yon move desizyon men kite m diw kèk bagay yo pa janm di w.
1- Anpil nan nou renmen moutre nap byen pase ' menm lè se fòse viv.
2- Gwo peyi yo , souvan fè pwomosyon sou sa ki entèresan lakay yo pou atire w epi ogmante touris!
Donk envolontèman ou Vann sèlman bon imaj yo lè w la.
Kitem di sa kounye a : Foto wap gade nan pòs sa a li fèt USA nan yon Estasyon tren, mwen konnen gen moun kap li, ki pral di se paskem gen mantalite Ayisyen/negatif ki fèm pataje l , ok ! negatif se pa grav!
Men banm di w yon bagay ki gen plis fòs ke ou pa ta panse , epi se li menm ki pousem fè foto sa wap gade nan pòs la.
Se vre ÉTATS UNIS , se yon peyi ki pwisan, gen anpil opòtinite men se pa tout moun ki eksplwate opòtinite yo menm jan, mwen reyalize ke gen yon moun k ap li pòs saa ki di : si m te Gen chans nan plas moun sa , nan gwo peyi sa , hnmmmmm se pa jwèt bagay mwen tap regle " KOTE KI GEN CHÈN PA GEN KOU " men kite m di w yon dènye mo nan koze sa:
Se pa kote w ye à sèlman ki dwe ba w opòtinite, ou dwe batay pou kreye opòtinite pou tèt ou, ak lòt yo . Ayiti gen pòv gen Rich / USA gen pòv gen Rich
Kounye a mwen konnen w ap di se paske m pa Ayiti oubyen mwen kache Ayiti ki fè m ka pale konsa. Si w vle m diw yon bagay sou kotem ye sa map regle ki fèm ekri tèks sa , dim sa nan KÒMANTÈ !
Toujou sonje se pa kote w ye a sèlman ki dwe baw opòtinite, ou ka kreye l.

Comments