top of page

Sekrè ou pat konnen sou enfòmasyon nan medya !

Gen sekrè ou pap janm konnen si ou pa pran yon ti tan pou fè lekti.


Si ou prése li rezime sa:

Soti Nan lane 1950-1990 gen yon ankèt ki moutre ke majorite jounal ak magazin ki vann plis, se tout sa ki gen yon tit NÉGATIF , ou konprann NÉGATIF wi se sa , se pa yon erè ! Paske avan 1950 se te aspè pozitif yo te mete devan, lè yo konpare kantite jounal ki plis vann epi sa ki byen klase nan sondaj yo , se sa ki ap fè buzz epi ki ap esplike move nouvèl ki plis popilè. Kounye a !


Si ou posede yon radyo oubyen yon chèn televizyon, pou li mâche ou dakò fòk gen lodyans ? (moun ki ap tande) donk sa ogmante kantite piblisite kidonk plis lajan , pa bliye medya se yon antrepriz, fòk li antre lajan. DONK yo vann nou plis bagay negatif se sa ki ap rapòte yo , men li pap rapòte w!


Sou menm bagay sa map esplike w la, gen yon etid ki fèt nan inivèsite HAVARD nan peyi USA yo remake sèvo lèzòm pa tolere difikilte, tout reyaksyon li , se chache bagay ki fasil, ki Chita sou sansasyon ak santiman, sa ta vle di sèvo nou pa kreye pou ap fè analiz tanzantan.


Yon lòt kote nou dekouvri tout kapasite ki pouse nou aji nan yon sans ou yon lòt, se sa ke nou gen abitid tande pi souvan konsa sèvo nou vin devlope yon fasilite pou li rann bagay sa a fasil pou li, yon egzanp senp : kijan ou rele? ……. Li fasil pou sonje non w menm lè ou nan dòmi , se paske sèvo w devlope fasilite ak non sa. Lè ou te lekòl gen anviwon 30 elèv nan klas la , wap sonje non elèv ki devlope plis amitye ak ou , menm apre 10 lane , MWEN espere ke ou gentan konprann , paske sèvo a jwenn 2 egzanp,


Kounye a , kite m poze w yon kesyon : Eske ou kapab avanse avék rèv ou , avèk gwo pwojè pandan wap tande medya tout jounen ? Ki rapò sèvo w devlope ak yo ? Mwen pa kwè ke yo ap ankouraje w ase pou ta va di, wap pran desizyon pou chanje direksyon lavi w?


Antouka mwen te vle rezime a kout , li gentan twò long, ou prèske pa anvi li ankò paske egzèsis la difisil, m’en map fini la , pou mwen diw , 1)chache kole sèvo w sou sa ki ap bon pou ou, konsa li ap devlope yon abitid,pou kapab jwenn rezilta , 2) Kite yon kòmantè paske ou dakò fi n li tèks la. 3) pataje l epi lil yon lòt fwa 4) mwen kontan paske ou li l . 5)eske ou te renmen sa ou li a .6) …… dim sa ou panse ! @


Sponcor: Wego Agency

 
 
 

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page