
Li tèks sa, chak lè ou bezwen fòs !
- dukensleybernard

- Feb 21, 2022
- 2 min read
Lavi ofri anpil posiblite, men ou dwe konnen sèlman moun ki goumen, ki pèsiste jouk li rive jwenn sa li vle a, ki ap pote viktwa, mwen byen di si ou goumen w ap rive jwenn, “mpa di moun ki goumen jis li pa kapab” paske depi wap goumen pou sa ou vle a, wap toujou kapab goumen pou jwenn li,
Anpil fwa gen gwo sitiyasyon ki prezante nan lavi w, ou ka menm di Bondye mechan, poukisa se ou … anpil pawol men, kitem diw gen yon vre rezon ki fe se ou, sispann poze tet ou kesyon sou move sitiyasyon wap viv, ou dwe fokis sou yon sel bagay, se Deteminasyon pou Rev ou ! si ou rive fe sa, wap sezi we le ou jwenn rezilta, vre rezonte ki fe se te ou menm ki tap viv sitiyasyon sa yo !
Ou dwe “STRICT” avek tet ou, ou dwe prepare pou tout evenman ki ap rive nan lavi w, ou dwe kontinye chache san kanpe jiskaske ou jwenn sa ke ou vle a. youn nan fraz mwen vle pataje ak ou : Tout otan mwen pa genyen sa m vle a, konnen konba a fenk komanse ! Sonje
Gen anpil moun ki negatif, menm yo menm pa reyalize sa, se pou rezon sa le ou vle yon bagay ou dwe pesiste , sa ka rive moun wap pale ak li a , se yon moun negatif, li pa menm rann li kont si se non li diw, donk ou dwe pale avek li 2 oubyen 3 fwa pou li reyalize gen posiblite pou li di w wi.
Poukisa nou viv plis pou lot moun, pou sosyete a, pou sa nou pa ni renmen ni bezwen ? se sa ki souvan bloke devlopman nou, Gade sa: si ou soti nan lari ak yon zanmi pou fe yon ti mache, wap reyalize ou mache nan menm vites avek li , oubyen li mache nan menm vites ak ou, paske nou youn ap swiv lot, menm le nou pa reyalize sa, men nap toujou gen anvi rete youn avek lot pandan nap mache a, paske sevo a vle sa. Konsidere laviw menm jan, si pou jwenn yon rezilta diferan, ou gen entere pou mache nan wout paw , oubyen kole kow ak sa ki vle, ale nan bon direksyon an.
Poko janm gen yon solda ki pran yon meday paske li te kite yon batay, kontinye goumen nan labou, nan vye raje, anba desepsyon , tout kalite kout zam, apre batay la, wap jwenn plis satisfaksyon ke si tout fwa ou te kite sa!
Tout otan mwen pa genyen sa m vle a, konnen konba a fenk komanse
PA GEN VIKTWA SAN KONBA!



Comments