top of page

Sekrè ou dwe konnen avan, ou pran yon desizyon !

Mwen espere ke ou anfom, map felisite w paske ou chwazi li tèks sa, jounen jodia tout moun ap pale w de antreprenarya, teknoloji … men sa pa anpeche gen moun ki kwè , genyen ki pa kwè, e moun sa yo ki pa kwè anpil nan yo se paske yo gen yon travay epi yo rete atache ak li, gen lòt se paske yo poko wè kisa pou yo fè, mpa konn nan ki kategori ou ye ,mwen konnen tou ou gen dwa poko gen yon travay, se pa grav. Ann kite ti koze sa a kanpe la.


Mwen reyalize ke lèzòm an jeneral genyen 5 bagay ki enpòtan pou yo anpil , pou mwen pa twò long map pataje selman de (2) grenn ak ou. e se yo menm kap pèmèt mwen pataje sekrè mpral devwale a ak ou menm ki gen chans epi ki manifeste enterè li atik sa a a. Nou tout gen de (2) gwo premye bezwen nan lavi nou :

  1. Fizyolojik, ki vle di: manje, bwè, santi w byen fizikman

  2. Sekirite, ki vle di: kay, travay pou fè lajan pou regle aktivite nou, e menm proteksyon lavi, .. hmm . si nou ta rete Fokis sou de (2) eleman sa yo sèlman paske mwen te di w deja nou idantifye senk (5) kategori : map diw franchman pou kapab reyalize sa yo, ou dwe gen yon vizyon ki makònen ak yon rèv, e se yon Rev ki dwe ekri ak lèt Majiskil pou kapab toujou genyen lespri w kole sou li.

Kounye a, kite mwen mande w yon bagay, èske ou konn poze tèt ou kesyon sa :ki kote mwen ye jodia?

kote ou ye nan sans pou gade vizyon w l an, èske se pa nan yon travay pou reyalize rèv yon lòt moun ke ou ye, mka toujou di w se pa yon pwoblèm !paske gen dwa se rout sa ki ap ede w’ pou kòmanse rèv paw la. Men malgre sa, anyen pa anpeche w bay tout enèji w a 100%, paske si ou pa fè travay sa byen , ou kabap jwenn lèt ki pa fè w byen, ou ka rive nan sitiyasyon pou yo revoke w…. Donk li pa fasil


Ou pa reyalize gen kesyon ak konsèy pyès lot moun k ap ankouraje w yo, pa janm poze w ni ba ou , paske lavi a se yon konba, se yon kous, se yon gwo atelye , si ou pa ouvri lespri w pou konnen yo epi chache poze yo nan chak desizyon wap pran , ou poko ap jwenn rezilta !

kounye a ou dwe gen yon kapasite pou di : Poukisa lè mwen deside travay sou rèv pa m nan, mwen reyalize tout bagay difisil, twòp sakrifis, pafwa mwen menm pran plis repo ke lè mwen nan poz nan travay lòt moun yo?


Eske se paske m pa gen moun kap siveye m, oubyen mwen poko wè lajan nan reyalizasyon bagay sa ki ap bon pou mwen, byen ke mwen konnen se li kap pèmèt mwen komanse jere 2 premye bezwen mwen yo, donk

kesyonnman sa yo, ou dwe fè yo tanzantan epi chache repons yo ak senserite, pou kapab kòmanse pran desizyon pou lavi w. Map raple w ke rèv ou,dwe pi enpòtan pase tout bagay, ou se premye moun ki dwe kwè ladan, e ou se premye moun ki dwe fè plis sakrifis, e ki dwe travay plis pou li, si non li PAP REYALIZE.


Pa janm panse ke gen mirak ki ka fèt nan desizyon wap pran, si ou pa prepare pou sa, kèlkesya nivo kwayans ou, nivo etid ou, ak tout lò konpetans ak kalite a ou te ka geneyen ou dwe fè preparasyon an ak kesyon sa nou sot poze yo.


Motivasyon, Se lè ou mete w a 150% nan travay pou reyalize rèv ou .




1 Comment

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
dukensleybernard
dukensleybernard
Dec 21, 2021

Mwen dakò e mwen renmen tèks la

Like
bottom of page