top of page

Teknik pou byen kòmanse yon Ane .

Yon ane pase yon lòt vini, se konsa nou viv Chak laj ki pase sou tèt nou, genyen tout kalite bon ak move moman, malgre jan sa ye, gen anpil nan nou ki toujou fikse anpil lide pwojè ak Gwo objektif .

èske ou te konnen pou kapab reyalize objektif ak pwojè yo, gen anpil bagay ou dwe konnen ? se pa sèlman konnen yo men, aplike yo nan lavi.


Ann al gade kèk bagay :

Avan tout sa nou pral pataje ak ou nan tèks sa , kite m di w, Nou tout pap oblije dakò paske, gen anpil moun ki rete kwè lavi se yon kesyon de chans, epi se youn nan rezon kifè yo rete ap tann Bondye oubyen lòt bagay ki kole avèk kwayans yo pou kreye yon delivrans, yon lòt bagay nou konstate, chak premye semèn nan mwa janvye anpil moun pwofite swete youn ak lòt, tout sa ki bon tankou: siksè, chans, ak anpil lòt bagay, e tout a se nan yon lide pou nou kapab kreye plis enpak nan lavi pèsonèl ak pwofesyonèl nou.


Ann Fè egzèsis sa ansanm avèm, sa fè lontan n’ap swete tout sa ki bon men, ki dènye fwa ou te kontwole kantite bagay ou reyalize pou yon ane tankou: kantite pwojè ou fè, kantite pitit, oubyen lajan ou antre ? Mwen konnen ou ka satifè, konsa tou li ka non, tout sa yo se eleman ki pral pèmèt ou konprann, konbyen li enpòtan pou fikse w nan plas swete, oubyen resevwa pawòl yo tankou yon gwo boul chans.


kounye a mwen pral ba ou 5 bagay(kle) ou dwe itilize pou 2022 konsa wap ka reyalize tout bagay ke ou vle. si tout fwa ou pratike yo pi plis ke jan ou kapab, paske bagèt majik pa egziste ankò.

Si w pa kwè nan sa wap li a , ou pa bezwen gaspiye tan w, ou mèt fèmen l al fè yon lòt bagay. Men si ou pare pou kòmanse bravo epi ou deja nan wout pou siksè w. Pandan w ap li premye sa m pral pataje a, map di w nimewo senk (5) l’ an pi enpòtan pase tout, se li ki kle a.

# - 1 : Chache konnen kiyès ou ye ?

Anpil nan moun neglije pati sa ki rele chache konnen kilès yo ye, ki pèsonalite ou genyen ki ap viv anndan w vre . egzanp: Mwen rele Dukensley Bernard , mwen gen 30 lane, , mwen renmen si ak la, sa se enfòmasyon ke yo ba w, paske se pa ou ki bay tèt ou non sa, laj la, se lèzòm ki kreye fòmil pou kalkile sa.

Men vrè kiyès ou ye plis ke sa li, ou dwe konnen kisa ou renmen , ki modèl pesonalite ou genyen, kisa ki fè w diferan de tout lot moun ki gen menm non ak ou, ak menm laj ak ou, kisa ki kapab motive w, anfen kisa ou renmen, kiisa ou kapab fè ? lè ou jwenn repons ak kesyon sa yo: wap kapab travay sou dezyè m nan ki se :


# -2 : Fikse Objektif ou yo.

Nou pale de fikse objektif, pou kapab fè sa, ou pa dwe janm neglije nimewo 1 an, epi konnen vrèman (vre) kisa ou vle, se sa ki ka fè ou fikse bon objektif, ki sanble avèk modèl ou, ki mache ak valè w, konsa wap kapab rete fokis sou yo.

Moun ki nan jesyon pwojè, ale pi lwen, pou yo pale de “Objectif SMART” ki vle di : (spécifique, mesurable, atteignable, réaliste et temporellement) sa vrèman enpòtan, men kite m di w, lè ou ap travay pou yon enstitisyon ou gen yon misyon pou reyalize yon pwojè, ou fè tout sa ou kapab pou reyalize objektif yo, ou oblije gade tout pwen sa kèlkeswa jan sa ye. Men : lè se nan aktivite pa w, si objektif la pa reponn ak valè w, tout sa yo mèt prezan, ou pap kapab reyalize anyen e se yon gwo pwoblèm li pral ye, se sa ki ka bloke w , dekouraje w, paske, ou pa santi w nan amoni ak tèt ou. Fòk objektif la nan sans ou.

# 3 Agenda dekoupe

Si jodia ou kapab konnen ki laj ou genyen, se paske genyen prezans kalandriye ke lèzòm kreye, konsidere kantite Ane ou genyen jodia tankou yon Rezilta, donk ou kapab reyalize kijan laj ou, enpòtan pou ou. Se menm egzèsis la Chak grenn objektif dwe fikse nan yon peryòd de tan anndan ane a.

Se sa kap pèmèt ou gade kote ou ye, sitou avèk kantite bon lane moun yo tap diw, ou dwe divize ane a ansanm ak tout pwojè w, ou dwe pran yon kaye oubyen yon fèy, ekri nan fason ki senp, ki klè, ki konpreyansib , epi afichel yon kote ou ka wè tanzantan.pa bliye dèyè chak objektif, mete ki rezilta ou vle jwenn, mete kilè oubyen dat ou ta dwe jwenn li. egz: chèn YOUTUBE Dukensley Bernard dwe gen 5000 abòne pou mwa novanm 2022: map envite ou , patisipe paske se ansanm nou dwe avanse klike la :https://www.youtube.com/channel/UCIUV5B-TCMjzf4AjMTABeuQ


# 4 Motivasyon w

Gen yon analiz ki moutre sou chak 10 moun ki lanse yon aktivite, genyen sèlman twa (3) ki ap pote gwo viktwa, rezon an senp anpil, pou fè viktwa , ou dwe konbat, ebyen lè ou vle fè yon bon konba fòk ou gen yon bagay ki kapab motive w, se youn nan rezon ki fè ou dwe chache sous motivasyon w, konnen kisa li ye, èske se yon modèl, oubyen mizik, li ka yon chèn paj ki pataje bagay ki pozitif ak anpil enspirasyon tankou sila :https://www.facebook.com/BDMcoaching/?ref=pages_you_manage men sa ki dwe enpòtan se jwenn yon bon BOOSTER

# 5 Kòmanse fè aksyon

Ann konsidere ke ou se yon jwè “football” epi yo ba w yon balon , pou choute yon penalite san kadyen nan kan, epi genyen yon kantite moun ki la, yo ap swiv ak atansyon, anpil moun ap kòmante, li ka gòl, oubyen ale deyò, se yon gwo gwo presyon menm lè ke gen plis moun ki ap parye ke boul la ap antre nan filè a, konsa tou genyen ki kapab di ke li pap gòl, tou de (2)group moun yo gen rezon, paske ni Messie, ni Christiano ak lòt gra jwè choute deyò.

Imaj sa moutre w a klè ke tout otan ke oun pa deside fè yon aksyon, pa gen pyès posiblite pou jwenn yon rezilta, ou menm jodi a, ki li tèks sa rive nan pati sa, se paske wap chache konnen plis pou ka fè plis, kite mwen di w, ou fè yon gwo aksyon paske ou moute tèren, kounye a, ou rete yon sèl bagay pou fè ke pran kaye w, fè aksyon ki pral senbolize ke ou choute balon aksyon . pou reyalize objektif ou yo avèk menm santiman ou tap li tèks sa.

ree

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
bottom of page