Talan vs CV !
- dukensleybernard

- Feb 11, 2022
- 1 min read
Mwen gen yon revandikasyon mwen vle fè pase! Pou tout moun ki ap pale anpil paske yo depoze CV nan yon enstitisyon epi yo pa rele yo pou vin travay , banm di w yon ti pawòl: Yon enstitisyon se lide yon moun ki deside mete #TALAN li deyò epi li mete ak plizyè lòt epi yo reyalize l, aprè sa yo mete aktivite pou bay opòtinite ak tout moun ki gen konpetans oubyen ki vle vini vann #TALAN pa yo pou fè lide mèt enstitisyon saa avanse. Ou konprann kounye a, : #TALAN , #TALAN mo sa a, ni moun ki kreye antrepriz la , ni moun ki ap travay yo, oubyen ki ap chache travay yo gen #TALAN. Sa ta vle di se yon opòtinite ou genyen pou analize tèt ou, chache konnen #TALAN W epi mete estrateji w pou kapab kreye epi resevwa CV olye ou ap mache bay CV. Anyen pap janm fasil, sa ou dwe konnen : Ou gen #TALAN, avèk #TALAN w ou ka reyalize tout rèv ou, chache kontre ak #TALAN W, idantifye #TALAN W, fè yon bagay ak #TALAN W. Ou kapab fè tèt ou ak tout lòt moun sezi de Kapasite w" pa jwe ak #TALAN W pou yon CV.




Comments